Haiti Place PWOPOZISYON POU REZOUD ENPAS POLITIK LA AN AYITI

News Information

  • NEWS_POSTED_BY: Gillian Williams
  • NEWS_POSTED_ON: Feb 08, 2016
  • Views : 1282
  • Category : Diaspora News
  • Description : Nou, nan Dyaspora, trè konsène peyi a twouve tèt li nan yon enpas ki pa lese lòt solisyon pou li antre nan yon peryòd enterimè.

Overview

  • POU PIBLIKASYON  IMEDYAT

     

    Fwon Ini Washington DC, 4 fevrye 2016:

    PWOPOZISYON POU REZOUD ENPAS POLITIK LA AN AYITI

    Nou, nan Dyaspora, trè konsène  peyi a twouve tèt li nan yon enpas ki pa lese lòt solisyon  pou li antre nan yon peryòd enterimè

    Fwon Ini’an ki enkli plizyè òganizasyon  Ozetazini, Kanada, Karayb e Lewòp, ki rele Fwon Inifye, lè li konsidere enpòtans enplikasyon sivil e politik Ayisyen yo nan Dyaspora pou pi gran byen Aysiyen andedan kou deyò Ayiti, byenke li pa aji nan non tout Dyaspora Ayisyen an antye , kolektivman pwopoze  :

    • Prezidan Mateli kite pòs la swivan kalandriye a jou 7 fevriye 2016 la pou sa Konstitisyon an di.
    • Nan lespri e entansyon atik 149 la, Lè n konsidere malouk kriz politik la koze e chay ekonomik pou òganize yon lòt eleksyon prezidansyèl, , Fwon Inifye pwopoze pwosesis elektoral la rive ranplase pa « yon pwosesis nominasyon » kote prezidan Kou Kasasyon repiblik la rive nonmen e aprouve pa Palman kom Prezidan pwovizwa pou li òganize eleksyon nan yon delè si (6) mwa a pati nominasyon li a.
    • Prezidan pwovizwa va nonmen e Palman va apwouve you nouvo Premye Minis pou okipe zafè yo chak jou nan peyi a jiskaske yon nouvo Prezidan eli ak yon nouvo Premye Minis pran biwo atravè tout pwosesis konstitisyonèl la.
    • Pezidan Pwovizwa  a apwinte menb Komisyon Elektoral la pou li oganize eleksyon an.
    • Fwon Inifye a fòtman ankouraje adopsyon yon kompwomi politik negosye kote nan dezyèm wonn eleksyon prezidansyèl la fèt ak patisipasyon senk premye (5) kandida yo baze sou rezilta eleksyon  25 oktòb 2015 lan. kandida a ki resevwa plis vòt yo ap deklare kòm gayan an, kom Prezidan.
    • Prezidan demokratikman eli a prete sèman nan yon delè de (2) semenn apati rezilta sètifye yo
    • Manda nouvo prezidan an rive ajiste pou tèmine jou 7 fevriye 2020 an sou sa Konstitisyon an di.
    • Anboche ak entegre ayisien ki gen eksperyans nan dyaspora a nan pozisyon kle pou ede ranfòse enstitisyon nou yo ak peyi a.

    Fwon Inifye’a fòtman rekòmande pou moun ki gen enterè ak otorite konsidere pwopozisyon nou yo e  travay ansanm pou jwenn solisyon solid yo ki ap pèmèt peyi a pou avanse pou pi devan.. Dyaspora rete pre pou asiste nan nenpòt ki mannyè asepte. Tankou Ayisyen, sa ki ini nou se lanmou peyi e konviksyon  Ayiti kapab angaje tèt li nan konstriksyon nasyonal konsa pou ede soti pèp li a nan pòvte.